Enfòmasyon pou moun k ap fè demann azil
Enfòmasyon pou moun k ap fè demann azil (PDF, 72.6 KB)
1. Enfòmasyon Jeneral:
Men seksyon nan Gouvènman Kanada ki okipe zafè demann azil :
- Imigration, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC) (www.canada.ca/en/services/immigration-citizenship.html) detèmine si yon demann azil ki fèt Okanada kapab transfere nan Seksyon Pwoteksyon Refijye (SPR) ki fè pati Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye nan Kanada (CISR).
- Ajans Sèvis Frontyè Kanada (CBSA) (www.cbsa-asfc.gc.ca): CBSA detèmine si you demann azil ki fèt nan nenpòt ki pwen dantre (sètadi ayewopò, pòs fwontyè tèrès, ou byen pa bato) oubyen nan biwo anndan peyi a kapab transfere nan Seksyon Pwoteksyon Refijye.
- Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada (CISR) (www.irb-cisr.gc.ca): CISR se yon biwo independan ki responsab pou pran desizyon sou imigrasyon ak refijye yo.
2. Dwa pou w gen yon konseye
Kòm demandè azil, ou gen dwa gen yon konseye kanpe ak ou nan ut demach ou yo (se kapab yon avoka ou nenpòt ki pwofesyonèl).
Se ou k ap peye konseye a. Si ou pa gen lajan pou w peye yon konseye oubyen yon avoka, ou ka prezente yon demann nan yon biwo èd jiridik nan pwovens oubyen nan teritwa ou ye a.
Gouvènman Kanada trete tout moun egal, ke ou gen yon avoka ou pa. Menm si ou chwazi peye yon avoka, se pa sa k ap fè fè demann ou a jwenn yon atansyon espesyal.
Enfòmasyon pou ou ka jwenn yon reprezantan: www.canada.ca/en/immigration-refugees-citizenship/services/immigration-citizenshiprepresentative.html.
Notebyen: Konsilte lis telefon lokal yo oubyen itilize lyen sa a pou w konsilte paj web sèvis èd jiridik pwovens lan oubyen nan teritwa ou ye a: www.justice.gc.ca/eng/fund-fina/gov-gouv/aid-aide/index.html.
3. Prezante yon demann azil – Biwo fwontyè
CBSA
Ou ka fè demann azil la an pèson devan yon ajan Biwo fwontyè (CBSA) lè ou rive nan yon pwen dantre.
Si yon ajan pakapab deside touswit ke li ka transfere demann ou an bay Seksyon Pwoteksyon Refijye, lap remèt ou yon dokiman ki di ke li resevwa demann lan. Se you dokiman pwovizwa ki
- konfime ke ou fè you demann azil
- montre ke ou kouvri nan Pwogram pwovizwa sante federal la, e ke.
- Ou kapab jwenn èd si ou fè yon deman nan sèvis sosyal.
- Si ou fè demann ou a nan Sèvis fwontyè e yo mande w pou w fè li an liy, ou dwe itilize Pòtay IRCC la: portal-portail.apps.cic.gc.ca/signin?lang=en.
Ale nan www.canada.ca/en/immigration-refugees-citizenship/services/application/application-forms-guides/guide-0192-cbsa-refugee-claims-ircc-portal.html pou jwen èd pou w ka ranpli demann ou an an liy. Ou dwe tou ranpli yon fòmilè ki rele Fondman demann lan. Yo ka petèt mande w voye fòmilè sa a pa lapòs bay Sèvis Pwoteksyon Refijye (SPR), oubyen telechaje l sou pòtay IRCC (pou plis enfòmasyon, wè atik 11 lan). CBSA va enfòme w sou pwochenn etap yo.
IRCC (Imigration, Refijye ak Sitwayènte Kanada)
Si ou deja anndan Kanada ou ka fè demann azil la sou pòtay IRCC a. Al gade nan gid demanm azil anndan peyi a (Inland Application Guide): www.canada.ca/en/immigration-refugees-citizenship/services/application/application-forms-guides/guide-0174-inland-refugee-claims-portal.html pou w jwenn èd pou w ranpli demann la an liy. Dèke ou voye demann la an liy:
- W ap resevwa yon dokiman ki di ke yo resevwa demann ou a.
- IRCC ap kominike ak ou pou fikse randevou pou pran enfòmasyon pèsonèl ou yo (tankou anprent ak foto). W ap genyen tou pou al nan yon antèviou, nan yon lòt dat.
4. Pwogram sante pwovizwa federal la
Nan kad Pwogram sante pwovizwa federal la (IFHP), gouvènman Kanada peye pou sèten sèvis sante ak kèk lòt ankò nan domèn nan. Dokiman ki di ke yo resevwa demann ou a oubyen dokiman pou moun k ap mande azil la endike ke ou gendwa resevwa swen sante nan kad Pwogram federal la (IFHP).
Tout moun ki gendwa mande azil, gendwa tou resevwa sèvis sante ak lòt ankò toupatou nan Kanada, e nan men nenpòt ki klinik ki enskri nan pwogram sante federal la (IFHP). Pou w jwenn lis klinik ki enskri nan pwogram sa a, ale nan https://ifhp.medaviebc.ca/.
Ou dwe sèten ke klinik sante a enskri nan pwogram sante federal la (IFHP) avan ou resevwa sèvis nan men li. Nan chak vizit medikal, wap bezwen mache ak dokiman valid ki endike ke ou fè demann azil.
Pou tout enfòmasyon sou pwogram federal sante pwovizwa a (IFHP), ak tout lòt sèvis ke li kouvri, ou dwe vizite www.canada.ca/ifhp oubyen https://ifhp.medaviebc.ca/.
5. Egzamen medikal Imigrasyon
An tan ke moun k ap mande azil, ou dwe pase yon egzamen medikal obligatwa nan delè 30 jou. Se pwogram pwovizwa federal la (IFHP) ki peye pou tès sa a.
Se pa tout doktè ki fè egzamen medikal sa yo. Wap jwenn nan fòm rapò medikal IMM 1017 yon lyen ak enfòmasyon pou w ka jwenn yon lis doktè ki fè egzamen sa yo nan chak pwovens ak chak teritwa.
Ou va kontakte yon doktè nan lis sa a e pran randevou pou yon egzamen medikal. Men ki dokiman ou dwe pote nan randevou sa a:
- Fòm medikal IMM 1017 ansanm ak
- Dokiman ki di ke ou fè demann azil la.
Silvouple sonje pou w bay doktè a adrès kay ou rete nan moman sa a.
6. Pèmi travay ak Nimewo asirans sosyal
Pou ou travay legalman nan Kanada, ou dwe genyen yon pèmi travay ak yon Nimewo asirans sosyal (NAS).
Ou ka mande yon pèmi travay san w pa peye lè w ap fè demann azil la an liy (nan pòtay IRCC a), konsa ou ka travay nenpòt ki kote. Y ap endike nan pèmi a kantite tan ke pèmi a valab.
Avan pou Imigrasyon bay yon pèmi travay, men kèk etap ki dwe fèt :
- Fòk gen yon desizyon ki pran ki di ke ou ka fè demann azil la.
- Fòk egzamen medikal imigrasyon an fin fèt epi ou pase yo.
- Fòk yo fin pran tout enfòmasyon pèsonèl ou yo (tankou anprent ak foto) – gade seksyon 8 lan.
Nimewo ki rele “IME” a se prèv ke ou pase egzamen medikal imigrasyon an, oubyen ou ka mande doktè a yon kopi fèy elektronik egzamen medikal la. (Gade seksyon 4 la).
Si w pagen tan mande yon pèmi travay pandan w ap fè demann azil la, ou ka fè li an liy nan : www.canada.ca/en/services/immigration-citizenship.html.
Notebyen: Dèke pèmi travay la pre y ap poste l voye l bawou. Li trè zenpòtan pou ou toujou bay bon adrès ou.
Pou ou bay yon nouvèl adrès, ale sou wèbfòm IRCC : secure.cic.gc.ca/enquiries-renseignements/canada-case-cas-eng.aspx epi seleksyone “Change of Contact Information.” Lè w jwenn pèmi travay la, ou dwe aplike pou yon Nimewo Asirans Sosyal (NAS). Ou kapab itilize dokiman ki di ke ou fè yon demann azil la kòm yon pyès nan aplikasyon w ap fè pou NAS la. Ou ka fè sa anliy, pa lapòs oubyen an pèsòn nan yon Sant Sèvis Kanada. Ou ka jwenn enfòmasyon sou etap aplikasyon yo nan www.canada.ca/en/employment-social-development/services/sin.html. Pou w jwenn Sant Sèvis Kanada ki nan zòn ou an, rele nan 1800-0-Canada (1-800-622-6232).
7. Pèmi detid
Nenpòt timoun ki gen mwens ke 18an e ki fè yon demann azil ou ki se pitit yon moun ki fè yon demann azil kapab ale nan Kindègaden, lekòl primè oubyen segondè (jiska 12e ane) san l pa bezwen pèmi detid pou sa. Dokiman ki rekonèt demann azil timoun nan oubyen dokiman Sèvis Pwoteksyon Refijye a nesesè pou li kapab enskri nan lekòl la.
Moun ki pral etidye nan kolèj oubyen inivèsite, nan yon kou pwofesyonèl konsa, moun sa a dwe genyen yon pèmi detid. Pou etidye nan Kanada, e menm avan yo ba wou pèmi detid la, ou dwe fè egzamen medikal imigrasyon an epi pase li. Ou ka jwenn aplikasyon pou pèmi detid la sou sit sa a: www.canada.ca/en/services/immigration-citizenship.html. Pagen anyen pou w peye pou ou aplike pou pèmi detid la.
Pou w aplike pou pèmi detid la, men dokiman w ap bezwen:
- yon kopi dokiman ki rekonèt ke ou fè yon demann azil oubyen Dokiman demann azil ak refijye (Gade nan seksyon 9 la)
- prèv ke yo aksepte w nan yon
enstitisyon ledikasyon ki aksepté pou sa nan pwovens Kebèk la, yon sètifika akseptasyon nan men Kebèk (CAQ) ke Ministè Imigrasyon, Fransizasyon ak Integrasyon (MIFI) bay. Pou plis enfòmasyon sou kòman ou kapab jwenn Sètifika CAQ la, vizite : https://www.quebec.ca/en/education/study-quebec.
8. Byometri oubyen Enfòmasyon pèsonèl (anprent ak foto)
Si w mande azil nan yon pwendantre, yon ajan frontyè (CBSA) ap gen pou l pran byometri ou (sètadi enfòmasyon pèsonèl ou yo), e li va pran tou prèv idantite ou ak lòt dokiman enpòtan ankò. Swa :
- ou pase antrevi pou di ke ou kapab prezante demann azil ou a; oubyen
- ajan an ka kite ou rantre O Kanada epi li fikse yon dat pou wou tounen al nan Imigrasyon (IRCC) oubyen nan Sèvis Fwontyè (CBSA) pou w fin fè rès etap yo. Si ajan an mande w sa, ou kapab ranpli demann refijye a an liy tou nan pòtay IRCC avan menm dat antrevi ou a.
Si w deja Okanada e ou voye demann azil ou an liy nan pòtay IRCC ya, men sa y ap mande w :
- ale nan biwo IRCC pou yo bay enfòmasyon byometri ou tankou anprent, egsetera...
- voye prèv idantite ou e tout lòt dokiman enpòtan,
- retounen pou yon antrevi planifye nan yon lòt dat, e
- pote 2 foto paspò pou timoun ki pi piti ke 14 zan, lè w ap vini nan randevou byometri ou a (ou pa bezwen pote ankò foto pou timoun ki gen 14an e plis)
9. Etap egzamen yo nan pwen dantre yo ou byen pandan antrevi kap fèt nan biwo anndan peyi a.
Nan antrevi a, yon ajan va gen pou l
- mansyone demann azil ou fè devan Seksyon Pwoteksyon Refijye (SPR), nan CISR, sitoutfwa demann ou an posib pou yo tande l.
- Fè sòti yon dokiman ki di ke ou fè yon demann azil (RPCD an angle) (gade pi ba a) si toutfwa ke demann ou an posib.
- Fè soti yon demann depa :
- Si demann ou an elijib pou l refere devan Komisyon Imigrasyon an (CISR) (sa vle di li posib), demann depa a ap fèt sou kondisyon (sa vle di li poko ap an vigè), jiskaske yon desizyon va soti nan Komisyon Imigrasyon an (CISR).
- Si demann ou an pa elijib (sa vle di enposib), alò y ap mete lòd depa a an vigè.
- Pou plis enfòmasyon sou lòd depa yo, gade nan seksyon 12 la.
- Bawou enfòmasyon sou pwosesis nan Seksyon Pwoteksyon Refijye, si toutfwa demann ou an elijib, sa vle li ka al devan Seksyon an.
Si yo twouve ke demann ou a elijib (sa vle di posib) e si li refere bay Komisyon Imigrasyon (CISR), ou dwe patisipe nan odyans ou nan Seksyon Pwoteksyon Refijye ki nan CISR. Komisyon Imigrasyon (CISR) ap gen pou kontakte ou pa aprè pou enfòme ou de dat ak kibò odyans ou an ap fèt.
- Si yo twouve ke demann azil ou a pa elijib, oubyen genyen yon desizyon negatif ki sòti nan Komisyon Imigrasyon (CISR), y ap gen pou fè w konnen pwochèn etap yo. W ap ka toujou pwofite Pwogram pwovizwa federal la nan sante e sèvis pwovens yo jiskaske ou soti Kanada.
Dokiman ki di ke ou fè yon demann dazil (RPCD) ranplase lòt dokiman ke w te genyen nan demann refijye ou a Okanada. Dokiman RPCD a
- Montre ke demann ou an te refere bay Komisyon Imigrasyon (CISR).
- ka ede w jwenn sèvis, e
- Montre ke ou kouvri anba Pwogram sante pwovizwa nan gouvènman federal la.
10. Enfòmasyon Kontak
Tout moun k ap fè demann dazil dwe enfòme Imigrasyon ak Refijye (IRCC) sou tout chanjman ki fèt nan adrès yo oubyen nan enfòmasyon kontak yo. Pou tout nouvèl enfòmasyon, ou gendwa ale sou Wèbfòm Imigrasyon an (IRCC): secure.cic.gc.ca/enquiries-renseignements/canadacase-cas-eng.aspx lè sa a ou kapab seleksyone “Change of Contact Information”(sa vle ‘Chanjman Kontak enfòmasyon).
Notebyen: Dèke demann ou an refere bay Komisyon Imigrasyon (CISR), ou dwe fè Komisyon an konnen tout chanjman ki pase nan enfòmasyon kontak ou yo. Wap jwenn enfòmasyon sou kòman pou w fè sa nan Gid Komisyon an pou moun k ap mande azil (the IRB’s Claimant’s Guide): www.irb-cisr.gc.ca/Eng/RefClaDem/Pages/ClaDemGuide.aspx.
11. Komisyon Imigrasyon ak Stati Refijye Twous pou moun kap mande azil
Tout moun ki elijib pou mande azil, yo mande yo pou yo konsilte twous Komisyon an pou demandè azil yo. Nan twous sa a w ap jwenn enfòmasyon enpòtan sou kòman pou w prepare pou odyans lan nan Komisyon Imigrasyon (CISR).
Nan twous la, wap jwenn bagay sa yo :
Fòm Fondman demann azil
Dokiman sa obligatwa pour tout moun ki nan demann azil la. Chak moun dwe genyen pwòp fòm Fondman demann pa li.
Si w ap fè yon demann azil nan yon pwen dantre, ou dwe ranpli Fòm Fondman demann lan e voye l bay Komisyon Imigrasyon (CISR) nan delè 15 jou konsa, oubyen lè Sèvis Frontyè (CBSA) mande w fè l, selon nòt ke CISR bay sou sa ki ta dwe fèt. Si ou pa voye fòm Fondman demann lan (BOC form) atan, Seksyon Pwoteksyon Refijye kapab deklare ke demann dazil ou a abandone.
Si ou voye demann dazil ou a an liy sou pòtay IRCC, fòm Fondman demann ou a dwe telechaje sou sit la kòm yon dokiman sipò.
Notebyen: Se responsabilite demandè a pou l fè sèten ke konseye a oubyen avoka a voye fòm Fondman demann lan atan bay Komisyon Imigrasyon (CISR).
Gid demandè a
Gid demandè a bay eksplikasyon sou tout pwosesis ke Komisyon Imigrasyon (CISR) ap swiv; ou ka jwenn li nan irb.gc.ca/en/refugee-claims/Pages/ClaDemGuide.aspx.
Kèk enfòmasyon enpòtan sou Lèt denvitasyon pou al nan odyans lan.
Enstriksyon sa yo gen bonjan enfòmasyon konsènan lèt envitasyon alodyans lan e li genyen lòt enfòmasyon ankò sou pwosesis demann azil la.
Kontak Enfòmasyon pou èd avoka oubyen èd jiridik nan men pwovens lan ou byen Tèritwa a.
Si w pakab peye yon avoka, il posib ke ou elijib pou jwenn èd jiridik, savledi èd pou peye yon avoka oubyen yon konseye.
Fòm enfòmasyon Kontak pou avoka (IRB/CISR 101.02):
Si demandè a chwazi yon konseye (yon avoka oubyen yon konsiltan ki an règ ak Lòd konseye imigrasyon yo), avoka a dwe bay enfòmasyon kontak li sou yon fòm ke li dwe remèt bay Komisyon Imigrasyon. Nap jwenn fòm nan nan: (irb-cisr.gc.ca/en/forms/Documents/IrbCisr10102_e.pdf (PDF, 0.2 MB)).
Se menm bagay la tou si se sèvis èd jiridik pwovens lan oubyen tèritwa a ki peye frè sèvis avoka a.
Chak fwa demandè a chanje avoka oubyen konseye, avoka a dwe ranpli yon nouvo fòm enfòmasyon epi voye li bay Komisyon Imigrasyon.
Avi konsènan yon reprezantan san frè oubyen lòt konsiderasyon (fòm). (IRB/CISR 101.03):
Si konseye ou a pa touche, li dwe ranpli fòm pou reprezantasyon san frè irb.gc.ca/en/forms/Documents/IrbCisr10103_e.pdf (PDF, 821 KB) epi voye li bay Komisyon Imigrasyon (CISR).
Si w chwazi yon konseye oubyen yon avoka, epi Komisyon Imigrasyon an pa resevwa ni fòm IRB/CISR 101.02 ni fòm IRB/CISR 101.03 a, yo gendwa pa kite konseye ou a pale pou ou devan Komisyon an.
12. Lòd de depa
An jeneral, laplipa moun kap fè demann azil gen yon lòd de depa ki fèt kont yo nan moman y ap fè antrevi a. Si gen yon lòd de depa ki fèt kont ou, y ap bawou yon kopi.
Si yo jije ke demann azil ou a posib pou l al devan Seksyon Pwoteksyon Refijye a, ou ka rete Okanada jiskaske yon desizyon pran nan dosye ou a. Si Seksyon Pwoteksyon Refijye aksepte demann ou a, lòd de depa ou a ap anile, e ou kapab aplike pou rezidans pèmanan.
Si yo jije ke demann azil ou a pa posib, y ap deklare ke demann ou a abandone oubyen retire. Si Seksyon Pwoteksyon Refijye a ta rann yon desizyon negatif sou demann ou a, lòd de depa ou a ap pase anvigè.
Si yo te remèt ou yon lòd de depa, y ap enfome w dèke lòd depa an antre anvigè. E lè sa a, wap gen 30 jou pou w kite Kanada. Avan w kite Kanada, ou dwe enfòme yon Biwo Sèvis fwontyè alavans sou depa ou, pou yo ka fè aranjman pou konfime depa ou la. Si ou pa kite Kanada nan 30 jou, oubyen ou pa fè okenn aranjman avèk Sèvis fwontyè (CBSA) pou yo konfime depa ou, lòd de depa a ap tounen yon lòd depòtasyon.
Page details
- Date modified: